Règleman sou Ranbouseman
Politik Jeneral
Nan ECHO-509 DIGITAL AGENCY, satisfaksyon kliyan nou yo se yon priyorite.
Sepandan, akòz nati dijital ak pèsonalize sèvis nou yo, tout lavant yo konsidere kòm final sof si gen yon erè teknik oubyen yon erè ki soti bò pa Nou.
Dokiman sa a defini règ ak kondisyon ki gen rapò ak Ranbouseman pou tout sèvis ECHO-509 DIGITAL AGENCY yo.
Lè ou fè yon Peman pou nenpòt sèvis, ou otomatikman dakò ak règleman sa a.
⚠️ Kondisyon pou Ranbouseman (si aplikab)
Ou ka mande yon ranbouseman sèlman nan ka sa yo:
- Si sèvis ou te peye a pa janm kòmanse oswa delivre, e nou pa respekte angajman nou.
- Si gen yon erè teknik grav kote ou pa t resevwa sèvis ou te peye a.
-
Si nou pa respekte kondisyon klè ki te ekri sou fakti oswa kontra sèvis la.
Nou pap ofri ranbouseman pou:
- Sèvis Piblisite (Ads, Boost, Kanpay, elatriye)
- Erè ki fèt nan men kliyan (ex: erè adrès, move enfòmasyon, erè tranzaksyon).
- Sèvis ki deja kòmanse oswa fini (tankou: piblisite lanse, USDT deja transfere, kreyasyon grafik deja fèt).
-
Chanjman de lide oswa satisfaksyon pèsonèl (ex: “Mwen chanje lide”, “Mwen pa renmen rezilta a”).
⏳ Fenèt Limite Pou Demann Ranbouseman
Pou lòt sèvis (ki pa piblisite):
- Kliyan an gen 6 a 12 èdtan MAXIMUM apre peman pou fè demann ranbouseman
- Apre delè sa a, okenn demann pap aksepte
Delè a kòmanse depi moman peman an valide.
🔁 Pwosesis Ranbousman
Si Ranbousman an aksepte:
- Lap fèt atravè menm metòd peman an. (si posib)
- Delè tretman an kapab varye ant 5 a 15 jou travay, selon bank oswa platfòm tranzaksyon an
- ECHO-509 DIGITAL AGENCY rezève dwa pou verifye tout detay avan validasyon
🚫 Abiz ak Move Itilizasyon
Nenpòt kliyan ki eseye abize sistèm ranbousman an:
- Ka refize sèvis nan lavni
- Ka sibi mezi administratif oswa legal si nesesè
⚖️ Limit Responsablite
ECHO-509 DIGITAL AGENCY pa responsab pou:
- Desizyon kliyan pran apre sèvis la
- Rezilta ki depann de mache oswa platfòm ekstèn
- Nenpòt pèt ki pa dirèkteman lye ak sèvis la
⏳ Validite Peman ak Ekspirasyon Sèvis
Tout peman ki fèt pou nenpòt sèvis sou platfòm nou an rete valab pandan trant (30) jou kalandriye apati dat peman an.
Kliyan an dwe, pandan peryòd sa a, reklame sèvis la, bay tout enfòmasyon oswa dokiman ki nesesè yo, epi lanse pwosesis sèvis la si sa aplikab.
Si delè trant (30) jou sa a pase san kliyan an pa pran dispozisyon ki nesesè pou aktive oswa itilize sèvis la, sèvis la ap ekspire otomatikman san lòt avi.
Nan ka sa a, peman ki te fèt la ap konsidere kòm definitif, pa ranbousab, epi pa transférab, sof si gen yon lòt akò alekri ant kliyan an ak ECHO-509 DIGITAL AGENCY.
🔄 Chanjman nan Kondisyon yo
Nou rezève dwa pou modifye Politik Ranbousman sa a nenpòt ki lè.
Chanjman yo ap afiche sou sit nou an, epi nou ankouraje w tcheke paj sa a regilyèman pou w rete enfòme.
Si w gen nenpòt kesyon oswa enkyetid konsènan Chanjman Politik Nou an, tanpri kontakte Nou…