ECHO-509 DIGITAL AGENCY
Meta-Logo
🎯 Piblisite Efektif ak ECHO-509 DIGITAL AGENCY

ECHO-509 se patnè ou pou w reyalize kanpay piblisite sou Meta (Facebook ak Instagram) ki atire plis kliyan epi ogmante vizibilite biznis ou.
Nou itilize estrateji avanse pou piblisite ou yo ka touche pi bon rezilta san’w pa gaspiye bidjè ou.

✅ SA NOU OFRI
✔ Kreye ak Jere Anons Meta

Nou planifye epi jere kanpay piblisite Meta ou yo pou asire w jwenn pi bon ROI (Retounen sou Envestisman).
Soti nan objektif: 

  • View / Entèraksyon
  • Resevwa Mesaj WhatsApp
  • Messenger
  • Apèl dirèk
  • Jwenn Vizit sou Sit entènèt oswa yon lyen.

Rive nan ranfòse imaj mak ou, Nou optimize chak anons pou rive pi lwen.

✔ Targeting Avanse

Nou itilize estrateji vize demografik, enterè, ak konpòtman pou w ka rive sou kliyan ou vle yo.
Anons ou yo ap rive jwenn moun ki gen plis chans pou enterese.

✔ Jesyon Bidjè Entelijan

Nou ede w maksimize bidjè piblisite ou a pou w jwenn pi bon rapò ant pri ak benefis.
Nou ajiste bidjè a an fonksyon de pèfòmans kanpay yo.

✔ Rapò Detaye sou Pèfòmans

Nou bay rapò regilye sou kijan kanpay ou yo ap fonksyone.
W ap toujou konnen kisa ki mache byen epi kisa pou amelyore pou jwenn pi bon rezilta.

Pran avantaj de tarif konpetitif pou lanse sèvis piblisite sou platfom Meta:

  • Pou Mache lokal lan (Ayiti) Nou lanse sèvis nou yo apati 500 HTG pou 24èdtan.
  • Pou Repiblik Dominikènn Nou lanse sèvis nou yo apati 2,500 HTG pou 24èdtan.
  • Pou Mache entènasyonal lan Nou lanse sèvis nou yo apati 25,000 HTG pou 24èdtan
  • Si wap peye ak dola Ameriken oswa USDT, frè Sèvis Nou an se 60% sou bidjè total piblisite a.
DIRE PIBLISITE A PRI WAP PEYE PIBLISITE A BIDJÈ TOTAL KI AP SOU PIBLISITE A
🟠 24 èdtan 500 HTG oswa 3.2 USD 2 USD
🟠 7 Jou 3,500 HTG oswa 22.4 USD 14 USD
🟢 15 Jou 7,500 HTG oswa 48 USD 30 USD
🔵 30 Jou 15,000 HTG oswa 96 USD 60 USD
DIRE PIBLISITE A PRI WAP PEYE PIBLISITE A BIDJÈ TOTAL KI AP SOU PIBLISITE A
🟠 24 èdtan 25,000 HTG oswa 160 USD 110 USD
🟠 7 Jou 175,000 HTG oswa 1.232 USD 770 USD
🟢 15 Jou 375,000 HTG oswa 2.640 USD 1,650 USD
🔵 30 Jou 750,000 HTG oswa 5.280 USD 3,300 USD
✨ KOMBO PIBLISITE PRO

Chwazi Kombo Piblisite ki Ale Ak Biznis Ou pou 30 Jou Siksè !

🥈 SILVER 🥇 GOLD 💎 PLATINUM
Pri: 56,250 HTG oswa 416.67 USD Pri: 110,000 HTG oswa 814.81 USD Pri: 180,000 HTG oswa 1,333 USD
$150 Bidjè Pou 30 Jou $300 Bidjè Pou 30 Jou $500 Bidjè Pou 30 Jou
Piblisite Meta Piblisite optimize + Audience ciblée Piblisite avanse + Re-ciblaj + Audience Custom
1 Flyer Piblisite Senp 3 Flyers Pwofesyonèl 5 Flyers Kalite
1 Videyo Piblisite (30 SEC) 2 Videyo Piblisite (60 SEC) 4 Videyo Piblisite (30-60 SEC)
Rapò chak semèn sou pèfòmans Rapò chak 5 jou + Analiz Rapò chak 3 jou + Sijesyon
✅ Sipò Teknik ✅ Sipò Avanse ✅ Sipò Premium 24/7

⚡ Bonis Pa’m

Sou chak piblisite ou lanse ak yon bidjè minimòm $100 jiska $X, w ap resevwa 10% anplis sou total bidjè ou.

Egzanp:

Si ou peye yon bidjè $100,
w ap jwenn yon bidjè total $110 pou piblisite ou.

⭐ Pwogram Pwen Pa’m

Pou chak 1 dola bidjè ou peye, ou resevwa 1 pwen.

Chak grenn pwen vo $0.10 bidjè.

Lè ou rive 100 pwen, ou genyen $10 bidjè, epi nou peye avantaj la nan fen mwa a.

Règleman kle:

Pwen yo konte pa tranzaksyon pandan mwa a.

Peman fèt sèlman si total la bay omwen $10 bidjè.

Pwen yo ekspire apre 8 jou, e 8 jou yo kòmanse apati dat ou resevwa notifikasyon an.
Egzanp rapid:

Peye $50 bidjè = 50 pwen = $5 rekonpans.
KONT ID / NIMEWO - DEVIZ NON - KONT
564607074 ECHO-509 DIGITAL AGENCY
Pa Disponib pou kounya ! ECHO-509 DIGITAL AGENCY
2800 004 2419 (HTG) ECHO-509 DIGITAL AGENCY
2800 004 2627 (USD) ECHO-509 DIGITAL AGENCY
38 138 ECHO-509 DIGITAL AGENCY
34 31 11 ECHO-509 DIGITAL AGENCY
Pa Disponib pou kounya ! ECHO-509 DIGITAL AGENCY
Pa Disponib pou kounya ! ECHO-509 DIGITAL AGENCY
⚠️ Enfòmasyon Enpòtan Sou Peman
MonCash

Si wap peye avèk MonCash, itilize opsyon “Peman Machann” sou kont ou, epi rantre kòd Machann nou an ki afiche nan lis Metòd Peman yo.

NatCash

Si wap peye ak NatCash, itilize opsyon “Retrè” sou kont ou, epi rantre kòd Ajan nou an ki afiche nan lis Metòd Peman yo.

NB : Chak fwa ou fè yon peman pou nenpòt sèvis, li obligatwa pou voye resi depo a konplè avèk ID oswa TRANSCODE la byen vizib.

San resi konplè sa a, tranzaksyon an pap valide, epi demann ou an pap trete.
Mèsi pou konpreyansyon w.

1- Wap gen pou ba Nou aksè sou paj ou an:

  • Kont wap bay aksè a: 👉🏾 Lundy Fief 
  • Aksè Minimòm: 👉🏾 (Estatistik, Piblisite, Kontni)

2- Voye lyen kontni wap booster an

3- Chwazi zònn wap sible yo

4- Peye pou lansman sèvis la

NB: Si objektif Piblisite ou a se pou resevwa mesaj Whatsapp, ou dwe asire w ke ou gen yon nimewo Whatsapp Business ki konekte ak paj ou a!

Swiv etap sa yo youn apre lòt pouw ka ajoute Nou pou jere paj Facebook ou an (Vèsyon Mobil).
📌 ETAP 1: Ouvri aplikasyon Facebook lan sou telefòn ou
Asirew ke ou konekte sou kont Facebook ou ki deja admin Paj ou pral bay akse a.
📌 ETAP 2: Ale sou paj ou a
Peze ikon 3 ti liy yo anwo dwat (Android) oswa anba dwat (iPhone).
Chwazi paj ou vle ba nou akse an.
📌 ETAP 3: Ale nan Paramèt Paj la (Settings)
📌 ETAP 4: Chwazi “Page Access” oswa “Page Roles”
Nan nouvo vèsyon yo, li ka parèt kòm:
“Page Access” (Aksè sou paj)
oswa “Professional Dashboard” > Page Access
📌 ETAP 5: Ajoute Non kont nou an
Peze bouton “Add New” oswa “Add Person to Page”.
📌 ETAP 6: Antre non kont Nou an ki se:
( Lundy Fief ).
📌 ETAP 7: Chwazi 3 wòl sa yo ki se:
( Piblisite, estatistik, kontni ).
📌 ETAP  8: Peze “Add” oswa “Invite” konfime li gras ak modpas kont Facebook ou a epi voyel ale…

Pou nou kapab lanse epi jere piblisite Instagram ou yo nan bon kondisyon, tanpri asire ou genyen eleman sa yo disponib :

✅ Yon kont Instagram aktif
✅ Kont Instagram lan dwe konekte ak yon Paj Facebook
✅ Nou dwe deja gen aksè sou Paj Facebook la kòm administratè oswa patnè
✅ Kont lan dwe respekte règ ak politik piblisite Meta yo

Enpòtan :
Lanseman piblisite yo fèt sèlman atravè Business Manager.
Se poutèt sa, li obligatwa pou kont Instagram lan konekte ak yon Paj Facebook kote ekip nou an deja gen aksè pou nou kapab konfigire epi jere kanpay yo san pwoblèm.

Pou yon eksperyans rapid ak plis personnalizasyon, voye tout detay demann ou dirèkteman sou WhatsApp 📲.

Ekip ECHO-509 DIGITAL AGENCY lan ap pran lòd ou an chaj san pèdi tan pou asire yon sèvis efikas.

Lè ou lanse yon sèvis piblisite atravè platfòm Meta (Facebook, Instagram, Messenger), tanpri sonje ke Meta ka pran jiska 24 èdtan pou revize epi apwouve piblisite ou a, selon règleman ak politik yo.

⏱️ Tan revizyon sa a se yon pwosesis nòmal epi li pa depann de ECHO-509 DIGITAL AGENCY.

🔎 Ou ka verifye enfòmasyon sa dirèkteman sou sit ofisyèl Meta pou plis detay sou politik revizyon yo…

Lè ou finalize Peman pou nenpòt sèvis Piblisite sou platfòm Nou an, ou rekonèt ke ou te li, konprann, epi ou aksepte san rezèv tout règ ak kondisyon ki gouvène itilizasyon sèvis nou yo.

Aksyon peman an konsidere kòm yon akseptasyon konplè ak obligatwa de tout règleman ki aplikab yo.

Pou plis detay, tanpri konsilte paj FAQ Nou an:
👉🏾 https://www.echo-509.com/faq/

Kontakte ECHO-509 DIGITAL AGENCY jodi a epi bay yon ogmantasyon enpòtan nan prezans ou sou entènèt la.

Nou la pou reyalize objektif piblisite ou yo ak Pwofesyonalis + Kreyativite. 

- AKSYON -

Kenbe Mizajou sou sèvis Nou yo

Abòne nan bilten nou an pou rete enfòme an premye sou sèvis ak pwomosyon nou yo.

SWIV NOU SOU REZO YO

© 2020 – 2026 | ECHO-509 DIGITAL AGENCY, Tout dwa rezève